Pwogram rejenerasyon ak rekonstriksyon ibèn kwawouj britanik ayiti evalyasyon final (rezime)

Back to results
Type
Evaluation reports
Keywords
Disasters, Earthquakes, Evaluation-related, Urban
Countries
Haiti

Kwawouj Britanik byen kontan resevwa konklizyon Evalyasyon Final Urban Regeneration and Reconstruction Programme (Pwogram Iben pou Rejenerasyon ak Rekonstriksyon, URRP) ke pwogram nan “ reprezante yon gwo reyalizasyon, lè n ap konsidere kondisyon ki egziste nan Dèlma 19 yo ak nan gwo kontrent ke Kwawouj Britanik te oblije travay ”. Nivo devastasyon ki vini apre tranbleman dtè an Ayiti an 2010 la, ak tout anviwònman iben konplèks kote kominote ki te afekte yo t ap
viv, te poze difikilte san presedan pou sa yo ki tap antreprann aktivite rekiperasyon siyifikatif.


Ak benefis eksperyans lan, gen pati nan pwogram nan ak desizyon yo te pran yo ki te ka amelyore. Poutan, li toujou kòrèk pou rekonèt ke entèvansyon Kwawouj Britanik la te “ reysi ede plizyè milye moun vilnerab rejwenn kay yo ak kominote yo, epi kontinye ak lavi yo.”

English version available here.